Isaiah 17:5
Peyi Izrayèl la ap tankou yon jaden diri mi yo fin koupe, yo ranmase pote ale. L'ap tankou jaden pitimi nan plenn Refayim lè yo fin ranmase grap ki tonbe atè apre rekòt la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 18:16Apre sa, li rive jouk bò mòn ki anfas fon Pitit Ennon an, ki sou bò nò plenn Refayim yo. Li pran pant mòn moun Jebis yo desann nan fon Ennon an, l' al bout sou Anwogèl.
2 Samuel 5:22Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò.
Jeremiah 9:22Seyè a di: -Kadav yo gaye toupatou, tankou fimye yo simen nan jaden, tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè. Pa gen pesonn pou ranmase yo.
Hosea 6:11Men, pou nou menm tou, moun peyi Jida, mwen fikse yon jou pou pini nou pou tou sa nou fè, lè m'a fè moun yo depòte yo tounen nan peyi yo.
Matthew 13:30Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n' al boule. Mayi a menm, mete l' nan galata mwen.
Revelation 14:15Yon lòt zanj soti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nwaj la. Li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la.