Isaiah 25:4
Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbraj ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loraj k'ap tonbe nan tan fredi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 5:15Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo.
Psalms 12:5(012:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
Psalms 72:4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Psalms 91:1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Psalms 119:31Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont.
Isaiah 4:6Lajounen, l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l' pou loray ak lapli pa fè l' anyen.