Isaiah 65:19
Mwen menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 144:14Se pou bèf nou yo toujou bay rapò, san yo pa fè avòtman, ni pèt. Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou. Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo.
Isaiah 25:8Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!
Isaiah 35:10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
Isaiah 51:11Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.
Isaiah 62:4Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la.
Jeremiah 31:12Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Seyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen.