Isaiah 28:22
Koulye a, piga nou pase pawòl mwen yo nan betiz pou yo pa mare nou nan kòd pi rèd toujou. Paske, Seyè ki gen tout pouvwa a fè m' konnen li fin pran desizyon l' pou l' detwi tout peyi a. Li p'ap chanje lide.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Pare zòrèy nou! Tande sa m'ap di nou! Koute byen pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
Cross References
2 Chronicles 30:10Mesaje yo ale toupatou nan peyi moun Efrayim ak moun Manase yo, yo pase nan tout lavil yo, yo rive jouk nan peyi moun Zabilon yo. Men, moun t'ap ri yo, yo t'ap pase yo nan betiz.
2 Chronicles 36:16Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.
Proverbs 19:29Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.
Isaiah 10:22Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite.
Isaiah 24:1Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.
Isaiah 32:12paske nou pral nan lapenn lè n'a chonje bèl jaden ak bèl grap rezen nou yo, lè n'a wè se pikan ak raje k'ap pouse nan tout jaden pèp mwen an.