Isaiah 29:18
Jou sa a, moun soudè yo va tande pawòl y'ap li nan liv. Avèg yo ki t'ap viv nan fènwa va louvri je yo, y'a wè.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Anvan nou bat je nou, rakbwa peyi Liban tounen jaden, jaden tounen rakbwa.
Cross References
Deuteronomy 29:4Men, jouk koulye a, Seyè a poko louvri lespri nou ase pou nou konprann byen konprann tou sa nou wè ak tou sa nou tande.
Proverbs 20:12Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
Isaiah 29:12Lè ou pote l' bay yon moun ki pa konn li pou ou mande l' li l' pou ou, l'ap reponn ou li pa konn li.
Isaiah 32:3Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a.
Isaiah 42:7W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
Jeremiah 31:33Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.