Isaiah 29:19
Seyè a va fè tipitit yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 12:5(012:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
Psalms 25:9Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
Psalms 149:4Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.
Isaiah 14:30Seyè a va tounen yon gadò pou pòv malere ki nan peyi a. L'a fè yo manje, l'a ba yo kote pou yo rete san yo pa bezwen pè ankenn danje. Men, m'ap voye yon sèl grangou sou ras moun Filisti yo, yo yonn p'ap chape.
Isaiah 41:16Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.