Isaiah 29:20
Paske lwijanboje a pral jwenn ak bout li. Moun ki t'ap pase Bondye nan betiz la pral disparèt. Yo pral fini ak tout moun ki t'ap chache okazyon pou fè sa ki mal,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 13:3Se mwen menm, Seyè a, k'ap bay sèvitè m' yo lòd! M'ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m' yo ki gen kè kontan, k'ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k'ap fè m' fè kòlè yo.
Isaiah 28:14Se poutèt sa, nou menm bann awogan ki chita lavil Jerizalèm pou gouvènen pèp sa a, koute sa Seyè a di nou:
Isaiah 49:25Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.
Isaiah 59:4Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè.
Daniel 7:19Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pa t' tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè l' yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan l', ki t'ap pilonnen rès yo anba pye l'.
Micah 2:3Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap pare yon malè pou nou. Nou yonn p'ap chape. Nou p'ap ka gonfle lestonmak nou sou moun ankò, paske sa pral rèd pou nou.