Isaiah 29:7
Lè sa a, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè avèk lotèl Bondye a, tout gwo lame ki te anvayi peyi a, ki te sènen lavil la, ki t'ap toufounen l' kote l' te ye a, yo tout yo pral disparèt tankou yon move rèv ou t'ap fè, tankou yon vizyon w'ap fè nan mitan lannwit.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 73:20Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.
Isaiah 37:36Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Jeremiah 25:31Bri a rive nan zòrèy moun toupatou sou latè. Seyè a gen yon kont pou l' regle ak nasyon yo. Li rele yo tout nan tribinal. L'ap fè touye tout moun ki antò. Se Seyè a menm ki di sa.
Micah 4:11Anpil nasyon ap reyini pou atake nou. Y'ap di konsa: Se pou yo avili lavil Jerizalèm. Se pou nou wè lavil Siyon an kraze nèt.
Nahum 2:1Nou menm moun lavil Niniv, men yon gwo lame ap moute vin atake nou. Mete gad nan fò nou. Mete moun veye gran chemen an! Mare ren nou! Mete tout kouraj nou sou nou!
Zechariah 12:9Lè sa a, m'a detwi tout nasyon ki va konprann pou yo atake lavil Jerizalèm.