The Bible Software
bible.software › Micah › Micah 4 › Micah 4:11

Micah 4:11

Anpil nasyon ap reyini pou atake nou. Y'ap di konsa: Se pou yo avili lavil Jerizalèm. Se pou nou wè lavil Siyon an kraze nèt.

Bib La

In The King James Version

Now also many nations are gathered against thee, that say, Let her be defiled, and let our eye look upon Zion.

In Context

10Tòde kò nou, nou menm moun lavil Jerizalèm! Plenn tankou fanm ki sou choukèt! Paske, koulye a nou pral soti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilòn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Seyè a ap vin wete nou nan men lènmi nou yo.

12Men, moun sa yo pa konnen lide Bondye gen nan tèt li. Yo pa konprann plan travay li. Li te sanble yo pou l' ka pini yo tankou lè yo sanble pwa sou glasi anvan yo bat yo.

Read all of Micah 4

Cross References

Isaiah 5:25Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.

Jeremiah 52:4Se konsa, sou dezyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan pye miray yo. Yo sènen l' nèt.

Lamentations 2:16Tout lènmi ou yo ap pale ou mal byen fò. Y'ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje bouch yo sou ou. Y'ap di: -Nou fini avè l'! Men jou nou t'ap tann lan! Nou jwenn li jòdi a!

Joel 3:2Apre sa, m'a sanble tout nasyon yo. M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa m' yo. Paske, se yo ki te gaye moun pèp Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo te separe peyi mwen an.

Micah 7:10Lè sa a, lènmi nou yo va wè sa, y'a wont, yo menm ki te konn ap mande nou: O wi! Kote Seyè a, Bondye nou an! N'a wè ak je nou jan lènmi nou yo ap fini. Y'a foule yo anba pye, y'a meprize yo tankou labou nan lari.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Micah 4:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Micah 4:10Micah 4Micah 4:12 →