Isaiah 31:5
Menm jan zwezo louvri zèl li anwo nich li pou pwoteje pitit li, konsa tou Seyè ki gen tout pouvwa a pral louvri zèl li pwoteje lavil Jerizalèm. L'ap pwoteje l', l'ap delivre l', l'ap pran defans li, l'ap sove l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:27n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t' fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a.
Deuteronomy 32:11Tankou malfini k'ap moutre pitit li vole, Seyè a ap plane anwo pitit li yo. Li louvri zèl li yo pou li ka pran swen yo, li pote yo sou do l' pou yo pa tonbe.
Psalms 37:40L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.
Psalms 46:6(046:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
Isaiah 10:14Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.
Isaiah 37:35M'ap pwoteje lavil sa a, m'ap delivre l' pou m' fè respè tèt mwen, pou m' kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m' lan.