Isaiah 32:10
Bann paresèz, nan ennan ankò, nou pral nan kont traka nou, paske p'ap gen rezen pou nou keyi, p'ap gen rekòt rezen k'ap fèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 5:5Enben! M'ap fè nou konnen sa mapral fè jaden rezen mwen an. Mwen pral kraze tout lantiray li a pou bèt antre vin manje l', pou yo kraze l' anba pye yo.
Isaiah 16:10Nanpwen kè kontan ak fèt nan jaden nou yo! Nan jaden rezen nou yo, nanpwen chante, nanpwen koudjay ankò! Pa gen rezen pou kraze nan basen kote yo fè ji. Tout fèt kaba!
Isaiah 24:11Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a.
Jeremiah 25:10M'ap fè yo p'ap tande moun ap pran plezi yo la. Yo p'ap tande vwa moun ki gen kè kontan. Yo p'ap tande yo fè fèt pou moun k'ap marye. M'ap fè p'ap gen grenn pou moulen, p'ap gen lwil pou mete nan lanp.
Hosea 3:4Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.
Joel 1:12Pye rezen yo ap cheche, pye fig frans yo ap mouri. Pye grenad, pye palmis, pye ponm, tout pye fwi nan jaden fin fennen. Pa gen moun ki gen kè kontan ankò.