The Bible Software
bible.software › Joel › Joel 1 › Joel 1:12

Joel 1:12

Pye rezen yo ap cheche, pye fig frans yo ap mouri. Pye grenad, pye palmis, pye ponm, tout pye fwi nan jaden fin fennen. Pa gen moun ki gen kè kontan ankò.

Bib La

In The King James Version

The vine is dried up, and the fig tree languisheth; the pomegranate tree, the palm tree also, and the apple tree, even all the trees of the field, are withered: because joy is withered away from the sons of men.

In Context

11Kiltivatè yo pa konn sa pou yo fè. Moun k'ap okipe jaden rezen yo ap plenn paske pa gen ble, pa gen lòj. Tout rekòt yo pèdi nèt.

13Nou menm prèt yo, mete rad sak sou nou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, mare ren nou. Ale nan tanp lan, pase nwit lan ak rad sak sou nou. Nou menm k'ap fè sèvis pou Bondye m' lan, nou nan lapenn. Pa gen grenn jaden, pa gen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.

Read all of Joel 1

Cross References

Numbers 13:23Yo rive nan ravin Echkòl, yo koupe yon branch rezen ki te gen yon sèl gwo grap rezen nan li. Yo mete l' sou yon gòl pou de moun te ka pote l' sou zepòl yo, si tèlman li te lou. Yo pote grenad ak fig frans tou.

Psalms 92:12(092:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.

Song of Solomon 4:13Ou tankou yon jaden fre kote pye grenad ap grandi. Y'ap bay bèl grenad byen dous. Ou tankou yon jaden kote yo jwenn jasmen ak ti bonm,

Isaiah 9:3Ou fè yo vin anpil, Seyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.

Isaiah 24:11Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a.

Jeremiah 48:33Pa gen kè kontan ak fèt ankò nan jaden rezen peyi Moab yo. Pa gen yon degout diven ankò nan barik yo. Pa gen yon moun k'ap travay nan moulen pou fè diven. Nou pa tande yon moun ap bay ankourajman.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Joel 1:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Joel 1:11Joel 1Joel 1:13 →