Isaiah 37:16
-Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Epi li vire bò Seyè a, li lapriyè, li di l':
Cross References
Genesis 1:1Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
Deuteronomy 10:17paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.
2 Samuel 7:26Toupatou sou latè y'a toujou rekonnèt jan ou gen pouvwa. y'a di se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou.
1 Kings 18:32Li pran wòch yo, li rebati lotèl Seyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo.
Psalms 46:7(046:8) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
Psalms 80:1(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.