Isaiah 41:9
Mwen pran nou nan dènye bout latè, mwen rele nou soti byen lwen. Mwen di nou: Se sèvitè m' nou ye! Se chwazi mwen te chwazi nou, mwen pa voye nou jete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 24:2Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.
Nehemiah 9:7Seyè, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l' kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l', ou rele l' Abraram.
Psalms 107:2Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,
Isaiah 41:8Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m' yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!
Jeremiah 33:25Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen fè yon kontra ak lajounen, mwen fè yon kontra ak lannwit. Mwen bay regleman jan pou tout bagay nan syèl la ak sou latè a mache.
Romans 11:1Koulye a, m'ap mande: Eske Bondye te voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm, mwen se yon moun pèp Izrayèl, yon pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen.