Romans 11:1
Koulye a, m'ap mande: Eske Bondye te voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm, mwen se yon moun pèp Izrayèl, yon pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 12:22Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.
Psalms 77:7(077:8-)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?
Psalms 94:14Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.
Jeremiah 33:24-Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l' tankou yon nasyon ankò.
Amos 9:8Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Acts 26:4Tout jwif yo konnen ki jan m' mennen tèt mwen depi lè m' te jenn gason, ki jan m' t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm.