Isaiah 44:17
Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l', yo lapriyè devan l', y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m' non!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 2:8Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
Isaiah 37:38Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason l' yo ki te rele Asaradon, ki te vin moute wa nan plas li.
Isaiah 46:6Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'.
Daniel 3:17Si Bondye n'ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si li ka delivre nou tou anba men ou, l'ap fè l'.
Daniel 6:16Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l' nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: -Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou!
Daniel 6:27Li sove, li delivre, li fè bèl bagay ak gwo mirak nan syèl la ak sou latè. Li sove Danyèl, li pa kite lyon yo devore l'!