Isaiah 43:19
Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Men sa Seyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase!
Cross References
Numbers 20:11Moyiz leve men l', li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou.
Psalms 78:16Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè.
Isaiah 35:6Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann.
Isaiah 35:9P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò!
Isaiah 41:18M'a fè gwo dlo larivyè koule sou tout tè sèk kote ki pa t' gen menm yon ti pyebwa. M'a fè sous dlo pete nan fon yo. M'ap fè dezè a tounen lagon dlo. Sous dlo pral pete nan tout tè sèk yo.
Isaiah 48:5Se poutèt sa mwen te fè nou konnen davans sa ki tapral rive nou. Wi, mwen te avèti nou anvan yo te rive, pou nou pa t' di se zidòl nou yo ki te fè sa pou nou, se estati an fè nou yo ak pòtre zidòl nou yo ki te fè sa pase konsa.