Isaiah 44:4
Yo pral pouse tankou zèb ki jwenn lapli, tankou banbou bò larivyè.
Bib La
In The King James Version
And they shall spring up as among the grass, as willows by the water courses.
In Context
Cross References
Leviticus 23:40Premye jou a, n'a keyi pi bon fwi nan pye sitwon nou yo, n'a koupe fèy nan pye dat nou yo ak branch nan pye jasmen ak pye sikren, n'a fè kè nou kontan devan Seyè a, Bondye nou an, pandan sèt jou.
Psalms 1:3Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.
Psalms 137:1Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
Isaiah 61:11Menm jan tè a fè ti plant yo pouse, menm jan grenn yo leve nan jaden, konsa tou, Seyè ki la pou tout tan an va delivre pèp li a. Tout nasyon va fè lwanj li toupatou.
Acts 2:41Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo.
Acts 5:14Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a.