Isaiah 48:12
Nou menm fanmi Jakòb yo, Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute m' byen. Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba. Mwen p'ap janm chanje.
Bib La
In The King James Version
Hearken unto me, O Jacob and Israel, my called; I am he; I am the first, I also am the last.
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:39Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.
Proverbs 8:32Koulye a, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m' di yo fè!
Isaiah 41:4Se travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive? Ki moun ki depi nan kòmansman ap rele lèzòm, pitit an pitit, pou yo fè travay li sou latè? Se mwen menm, Seyè a, ki la anvan yo tout. Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout.
Isaiah 44:1Seyè a di ankò: -Koute m' byen koulye a, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an.
Isaiah 46:3Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen:
Isaiah 51:1Men sa Seyè a di: -Nou tout ki dèyè delivrans, nou tout k'ap chache Seyè a, chonje wòch kote nou soti a, chonje min kote yo wete nou an!