Isaiah 51:23
Se moun ki t'ap maltrete nou yo mwen pral bay li, moun ki t'ap fè nou pase tray yo epi ki t'ap di nou: Kouche kò nou atè pou nou ka pase sou nou. Lè konsa, nou pare do nou ba yo vre atè a, yo mache sou nou, tankou sou granchemen kote moun ap pase!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 65:11(065:12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite!
Psalms 129:3Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.
Proverbs 21:18Lè pou malè ta tonbe sou moun ki mache dwat yo, se sou mechan yo li tonbe.
Jeremiah 25:15Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè.
Revelation 11:2Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa.
Revelation 17:6Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.