Isaiah 51:8
Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal ki kanni. Men delivrans m'ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p'ap janm nan ka pou m' delivre yo ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 4:19Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa!
Isaiah 45:17Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.
Isaiah 50:9Se Seyè a menm, Bondye a, k'ap pote m' sekou. Ki moun ki ka fè yo kondannen m'? Tout moun k'ap akize m' yo pral disparèt. Y'ap tankou yon rad vèmen ap devore.
Isaiah 54:9Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò.
Daniel 9:24Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò.
Luke 1:50L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.