The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 52 › Isaiah 52:8

Isaiah 52:8

Faksyonnè ou yo ap rele. Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Seyè a k'ap tounen sou mòn Siyon an!

Bib La

In The King James Version

Thy watchmen shall lift up the voice; with the voice together shall they sing: for they shall see eye to eye, when the LORD shall bring again Zion.

In Context

7Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!

9Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Seyè a bay pèp li a kouraj ankò, li delivre lavil Jerizalèm.

Read all of Isaiah 52

Cross References

Psalms 102:22(0102:23) lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a.

Song of Solomon 5:7Gad k'ap fè patwouy nan tout lavil la kontre avè m'. Yo bat mwen, yo toufounen m'! Gad ki t'ap fè faksyon sou miray ranpa yo pran gwo manto ki te sou mwen an.

Isaiah 12:6Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.

Isaiah 26:1Jou sa a, pèp la va chante kantik sa a nan peyi Jida: -Koulye a, nou gen yon lavil ki byen pwoteje! Bondye bati gwo miray ak ranpa pou l' delivre nou.

Isaiah 30:26Jou Seyè a pral mete renmèd sou kote ki te blese nan pèp la, jou l'ap geri tout kote pèp la te blese a, lalin pral klere tankou solèy, limyè solèy la menm pral sèt fwa pi klere, ou ta di limyè sèt jou mete ansanm. Wi, tou sa pral rive jou Seyè a.

Isaiah 40:9Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 52:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 52:7Isaiah 52Isaiah 52:9 →