Isaiah 54:9
Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 8:21Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.
Job 11:16W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.
Isaiah 12:1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.
Isaiah 51:8Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal ki kanni. Men delivrans m'ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p'ap janm nan ka pou m' delivre yo ankò.
Isaiah 55:11Konsa tou pou pawòl ki soti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m' te vle l' fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l' fè a.
Jeremiah 31:36Toutotan prensip sa yo va kenbe, se toutotan pèp Izrayèl la va yon nasyon devan mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa.