Isaiah 58:4
Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l' si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 21:27Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.
Isaiah 59:6Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zariyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo soti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo.
Jonah 3:7Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè.
Matthew 23:13Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
John 18:28Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.
Philippians 1:14Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m' nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Seyè a. Sa ba yo plis kouraj koulye a pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen.