The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 58 › Isaiah 58:5

Isaiah 58:5

Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn sa a? Se sa nou rele yon jou n'ap pran lapenn pou sa nou fè ki mal? Fè jèn pou nou, se bese tèt nou jouk atè tankou wozo van ap pliye, se kouche plat atè sou sak nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele fè jèn? Se sa ki pou fè Bondye plezi a?

Bib La

In The King James Version

Is it such a fast that I have chosen? a day for a man to afflict his soul? is it to bow down his head as a bulrush, and to spread sackcloth and ashes under him? wilt thou call this a fast, and an acceptable day to the LORD?

In Context

4Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l' si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen.

6Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m' kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè.

Read all of Isaiah 58

Cross References

1 Kings 21:27Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou.

2 Chronicles 20:3Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Seyè a sa pou l' fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.

Nehemiah 9:1Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.

Esther 4:16-Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.

Psalms 69:13(069:14) Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou.

Isaiah 58:3Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 58:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 58:4Isaiah 58Isaiah 58:6 →