Isaiah 60:18
Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 72:3Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.
Isaiah 11:9Pesonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.
Micah 4:3L'ap regle kont nasyon yo gen yonn ak lòt, l'ap sèvi jij pou gwo peyi ki byen lwen. Y'ap pran mato, y'ap fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'ap fè nepe yo tounen sèpèt. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
Zechariah 9:8Mwen pral kanpe tankou gad k'ap fè pòs nan mitan peyi a pou anpeche lòt lame pase ale vini ladan l'. Mwen p'ap kite gwo chèf vin peze yo ankò. Mwen te wè jan pèp mwen an tan soufri.