Isaiah 61:2
Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 25:9Sou dizyèm jou setyèm mwa a ki jou pou n' mande Bondye gras la, n'a fè kònen twonpèt nan tout peyi a.
Leviticus 25:13Nan lanne rejwisans sa a, tout tè ki te vann ap tounen pou ansyen mèt yo ankò.
Isaiah 25:8Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!
Isaiah 35:4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.
Isaiah 51:12Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?
Isaiah 59:17Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l' ak fòs pou l' pran defans moun li renmen yo.