Isaiah 62:2
Jerizalèm, tout nasyon yo va wè delivrans ou. Tout wa yo pral wè pouvwa ou. Y'a ba ou yon lòt non, non Seyè a menm va chwazi pou ou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
3W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la.
Cross References
Genesis 17:5Yo p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon.
Genesis 32:28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
Psalms 138:4Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y'a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou.
Isaiah 49:23Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y'ap ajenou devan nou, y'ap bese tèt yo jouk atè, Y'a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p'ap janm wont.
Isaiah 60:1Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.
Isaiah 60:16Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete. Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki sove nou. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou.