Isaiah 62:5
Menm jan yon jenn gason marye ak yon jenn fi, Seyè a pral marye avè ou. Menm jan yon nonm marye kontan madanm li, Bondye ou la pral kontan ou
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Song of Solomon 3:11Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l' te kontan anpil la.
Isaiah 62:4Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la.
Jeremiah 32:41M'a pran plezi pou m' fè yo byen. M'a travay ak tout kè m' ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a.
Zephaniah 3:17Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante
Hebrews 12:2Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.