Isaiah 66:14
Lè n'a wè sa, kè nou va kontan: sa va ban nou fòs ak kouraj ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen menm, Seyè a, m'ap pwoteje sèvitè m' yo, men lènmi m' yo va konnen jan m' konn fache.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.
Cross References
Ezra 8:18Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te soti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l' yo ki te vini ak li tou.
Ezra 8:31Sou douzyèm jou premye mwa a, nou kite kote nou te ye a bò kannal Aava a, nou pati pou lavil Jerizalèm. Bondye nou an te la ak nou sou tout wout la. Li pwoteje nou, li pa kite okenn lènmi atake nou, li pa kite nou tonbe nan okenn anbiskad vòlò ta ka pare sou wout pou nou.
Proverbs 3:8Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
Isaiah 58:11Se tout tan Seyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouraj. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.
Isaiah 65:12m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pa t' reponn. Mwen pale nou, nou pa t' koute m'. Nou fè sa ki mal devan je m', nou pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.