Isaiah 9:5
Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo, tout rad sòlda ki te plen san yo, yo pral boule sa nan dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:30Jakòb di konsa: -Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l' te ye a Penyèl.
Leviticus 3:11Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a.
Judges 13:18Mesaje Seyè a di l': -Poukisa nou vle konnen non m'? Non m' se yon mèvèy.
Psalms 46:9(046:10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
Isaiah 10:16Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.
Isaiah 30:33Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.