James 3:5
Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 5:2Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote.
2 Kings 19:22Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Job 22:17Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou?
Psalms 12:2(012:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
Psalms 52:1(052:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri (052:2) lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. (052:3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.
Proverbs 12:18Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.