James 3:6
Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:4Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras.
Numbers 25:2Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo.
Deuteronomy 13:6Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,
Judges 16:15Dalila di l' konsa: -Ou pa bezwen di ou renmen m' menm, paske ou pa sensè avè m'. Sa fè twa fwa ou pase m' nan betiz. Ou pa janm di m' ki bò ou jwenn tout fòs sa a.
2 Samuel 13:26Lè sa a Absalon di l': -Men, èske w'ap kite Amnon, frè m' lan, vini ak nou? Wa a reponn li? -Poukisa pou l' ale a?
2 Samuel 16:20Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l' konsa: -Ann antann nou sou sa nou pral fè koulye a.