James 4:1
Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 17:9Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?
Mark 7:21Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun;
Romans 7:5Lè n' t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t'ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t'ap mennen nou nan lanmò.
Romans 8:7Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.
Colossians 3:5Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl).
Titus 3:3Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.