The Bible Software
bible.software › James › James 4 › James 4:2

James 4:2

Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye.

Bib La

In The King James Version

Ye lust, and have not: ye kill, and desire to have, and cannot obtain: ye fight and war, yet ye have not, because ye ask not.

In Context

1Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou.

3Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.

Read all of James 4

Cross References

1 Kings 21:6Akab reponn, li di li: -M' pale ak Nabòt, nonm Jizreyèl la. Mwen mande l' pou l' vann mwen jaden rezen l' lan, osinon si li pito, m'a ba li yon lòt pou li. Men, li di m' li p'ap ban mwen jaden l' lan.

Ecclesiastes 4:8Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t' gen pitit gason, li pa t' gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t' janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t' janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv.

Habakkuk 2:5Richès fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont yo. Yo mache pran tout nasyon yo pou yo. Yo mete tout pèp yo anba ponyèt yo.

Luke 11:9Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou.

John 16:24Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.

James 1:5Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study James 4:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← James 4:1James 4James 4:3 →