James 4:3
Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.
Bib La
In The King James Version
Ye ask, and receive not, because ye ask amiss, that ye may consume it upon your lusts.
In Context
Cross References
Job 27:8Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li?
Psalms 18:41(018:42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.
Proverbs 1:28le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.
Proverbs 21:13Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
Isaiah 1:15Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!
Jeremiah 11:14Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m' lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo.