Jeremiah 15:21
M'ap delivre ou anba men mechan yo, m'ap fè ou soti anba ponyèt lwijanboje yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 48:16Se pou zanj Bondye ki te delivre m' anba tout move pa beni timoun yo. Se pou yo pote non mwen ak non zansèt mwen yo, Abraram ak Izarak. Se pou yo fè anpil pitit pitit, se pou yo peple sou tè a.
Psalms 37:40L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.
Isaiah 29:5Men, tout lènmi ou yo pral gaye tankou pousyè nan van. Tout kantite moun ki t'ap fè ou pase tray yo pral disparèt tankou pay van ap bwote. W'ap rete konsa,
Isaiah 49:24Eske ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè? Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf?
Jeremiah 20:13Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo.
Jeremiah 50:34Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.