Jeremiah 20:13
Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Madichon pou jou mwen te fèt la! Ankenn benediksyon pou jou manman m' te fè m' lan!
Cross References
Psalms 34:6(034:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.
Psalms 35:10M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.
Psalms 72:4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Isaiah 25:4Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbraj ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loraj k'ap tonbe nan tan fredi.
James 2:5Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo.