Jeremiah 16:4
Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:22L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmen ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt.
1 Kings 21:23Men sa Seyè a di sou Jezabèl: Chen gen pou manje kadav li nan mitan lavil Jizreyèl.
2 Kings 9:36Yo tounen al fè rapò yo bay Jeou. Jeou di konsa: —Se sa menm Seyè a te di ki pou te rive l' lè li te bay Eli, moun Tichbe a mesaj sa a pou li: Chen va manje Jezabèl nan peyi Jizreyèl.
Psalms 79:2Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje.
Isaiah 5:25Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.
Jeremiah 7:33Kadav moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pesonn pou pouse bèt yo ale.