Jeremiah 19:2
W'a soti lavil la, w'a pase nan pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesaj m'a ba ou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a di m' konsa: -Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou.
Cross References
Joshua 15:8Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo.
2 Chronicles 28:3Li fè boule lansan pou yo nan Fon Benninon an, li ofri pwòp pitit gason l' yo pou yo boule yo dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo.
Nehemiah 3:29Zadòk, pitit Imè a, te repare pòsyon ki vin apre a, anfas lakay li a. Chemaya, pitit Chekanya a, nonm ki te wachmann Pòtay Solèy leve a, te rebati pòsyon ki vin apre a.
Jeremiah 1:7Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo.
Jeremiah 7:2-Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n' al fè sèvis pou Seyè a, koute sa Seyè a voye di nou.
Jeremiah 11:6Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Al repete tout pawòl sa yo byen fò nan zòrèy moun lavil peyi Jida yo, ak nan zòrèy moun nan tout lari lavil Jerizalèm. Di yo: Koute kondisyon ki nan kontra a. Fè tou sa ki ladan l'.