Jeremiah 22:21
Mwen menm, Seyè a, mwen te pale nou lè zafè nou t'ap mache byen. Men, nou te derefize koute m'. Se sa n'ap fè depi tout tan. Nou pa janm vle koute sa m'ap di nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 9:7Pa janm bliye jan ou te fè Seyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te soti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Seyè a.
Deuteronomy 31:27Mwen konnen jan nou gen tèt di, jan nou pa vle koute. Si koulye a, pandan mwen vivan ankò nan mitan nou an, nou te kenbe tèt ak Seyè a konsa, lè m'a mouri menm se va pi rèd.
Judges 2:11Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo.
2 Chronicles 36:16Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.
Psalms 106:6Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.
Isaiah 48:8Nou pa t' janm konn bagay konsa, nou pa t' janm tande sa. Mwen pa t' kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.