The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 23 › Jeremiah 23:8

Jeremiah 23:8

Lè sa a y'a di: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè pitit pitit moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi nan nò a ak nan tout lòt peyi kote li te gaye yo pou yo vin rete nan peyi ki rele yo pa yo a.

Bib La

In The King James Version

But, The LORD liveth, which brought up and which led the seed of the house of Israel out of the north country, and from all countries whither I had driven them; and they shall dwell in their own land.

In Context

7Seyè a di ankò: Se poutèt sa yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip.

9Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.

Read all of Jeremiah 23

Cross References

Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.

Isaiah 27:12Jou sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Seyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fwontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi.

Isaiah 43:6M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m' yo tounen soti byen lwen. Kite pitit fi m' yo tounen soti toupatou sou latè.

Jeremiah 16:14Se konsa, men sa Seyè a di: -Yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip.

Ezekiel 34:13M'ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.

Ezekiel 36:35Konsa tout moun va di: Gade peyi ki te ravaje a non! Koulye a, li tounen yon bèl jaden tankou jaden Edenn lan. Gade jan lavil ki te fin kraze, piye, demoli yo tounen bèl lavil ak gwo ranpa plen moun non!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 23:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 23:7Jeremiah 23Jeremiah 23:9 →