The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 24 › Jeremiah 24:2

Jeremiah 24:2

Premye panyen an te plen bèl fig frans tankou premye fig ki mi nan sezon an. Lòt panyen an te plen vye fig frans moun pa ka manje tank yo pa bon.

Bib La

In The King James Version

One basket had very good figs, even like the figs that are first ripe: and the other basket had very naughty figs, which could not be eaten, they were so bad.

In Context

1Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn.

3Lèfini, Seyè a di m' konsa: -Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l': -Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon.

Read all of Jeremiah 24

Cross References

Numbers 18:13Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Seyè a va gen dwa manje ladan yo.

Isaiah 5:7Pèp Izrayèl la, se li ki jaden rezen Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a. Moun peyi Jida yo, se yo ki bon plan li te plante a. Li t'ap tann yo mache dwat: Yo lage kò yo nan fè lenjistis. Li t'ap tann yo fè sa ki dwat devan je l', men, nan tout peyi a, se rèl malere ase ou tande.

Jeremiah 29:17Wi. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.

Hosea 9:10Seyè a di: Lè m' te fèk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m' te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m' te fèk wè zansèt nou yo, se te tankou si m' te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m' vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo.

Malachi 1:12Men, nou menm, nou pa respekte lotèl mwen lè nou di: Lotèl Seyè a pa bon ankò. Se vye manje n'ap ofri sou li.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 24:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 24:1Jeremiah 24Jeremiah 24:3 →