Jeremiah 32:30
Paske, moun Izrayèl yo ak moun Jida yo, se sa ki mal ase y'ap fè depi nan konmansman. Wi, moun Izrayèl yo, se fache y'ap fè m' fache ase ak tou sa y'ap fè a. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 8:21Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.
Deuteronomy 9:22Nou te eksite kòlè Seyè a tou lè nou te Tabera, lè nou te Masa ak lè nou te Simityè Grangou.
Nehemiah 9:16Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo.
Isaiah 63:10Men, yo te fè wòklò avè l', yo te fè l' lapenn anpil. Se konsa Seyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè.
Jeremiah 3:25Se pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont. Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt! Wi, ni nou ni zansèt nou yo, depi nou tou piti rive jouk jòdi a, n'ap fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an. Nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè sa l' mande nou fè.
Jeremiah 8:19Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.