Jeremiah 27:13
Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Seyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Gen yon bann pwofèt k'ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. Pa koute yo. Se manti y'ap bay.
Cross References
Proverbs 8:36Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.
Jeremiah 27:8Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l', m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l' jouk m'a fè Nèbikadneza fini nèt ak li.
Jeremiah 38:20Jeremi di l' konsa: -Moun Babilòn yo p'ap fè ou sa. Koute mesaj Seyè a ba ou nan sa mwen di ou la a, pou tout bagay pase byen pou ou. Konsa ou p'ap mouri.
Ezekiel 18:24Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal.
Ezekiel 33:11Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?