Jeremiah 39:9
Lèfini, Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:33M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.
2 Kings 20:18Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.
2 Kings 25:20Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.
Jeremiah 10:18Men sa Seyè a di nou: Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a. M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape.
Jeremiah 20:4Se Seyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo.
Jeremiah 40:1Seyè a pale ak Jeremi ankò apre Neboucharadan, chèf lagad la, te lage l' lavil Rama. Yo te fè Jeremi prizonye ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo. Yo te mete l' nan chenn ansanm ak tout moun yo t'ap depòte lavil Babilòn.