Jeremiah 4:29
Lè yo tande bri kavalye yo ak mesye k'ap tire flèch yo, tout moun nan lavil la pran kouri. Gen ki kouri al kache nan bwa. Gen ki kouri moute nan wòch yo. Tout lavil yo san moun ladan yo. Pa gen yon moun ki rete la ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:4Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo.
Isaiah 2:19Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble.
Jeremiah 4:7Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.
Jeremiah 52:7Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo met deyò, yo kite lavil la nan mitan lannwit, yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen Fon Jouden an pou yo.
Luke 23:30Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou!