The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 4 › Jeremiah 4:30

Jeremiah 4:30

Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou.

Bib La

In The King James Version

And when thou art spoiled, what wilt thou do? Though thou clothest thyself with crimson, though thou deckest thee with ornaments of gold, though thou rentest thy face with painting, in vain shalt thou make thyself fair; thy lovers will despise thee, they will seek thy life.

In Context

29Lè yo tande bri kavalye yo ak mesye k'ap tire flèch yo, tout moun nan lavil la pran kouri. Gen ki kouri al kache nan bwa. Gen ki kouri moute nan wòch yo. Tout lavil yo san moun ladan yo. Pa gen yon moun ki rete la ankò.

31Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.

Read all of Jeremiah 4

Cross References

2 Kings 9:30Jeou rive lavil Jizreyèl. Lè Jezabèl vin konn sa, li pase fa bò je li, li ranje tèt li, l' al kanpe bò yon fennèt ap gade.

Isaiah 10:3Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?

Isaiah 33:14Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa?

Jeremiah 13:21Kisa w'a di lè w'a wè moun ou te kwè ki te zanmi ou yo leve dèyè ou pou yo vin chèf sou ou nan peyi ou? Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche.

Jeremiah 22:23Nou menm ki rete nan gwo kay nou bati ak sèd ki soti peyi Liban, ala plenn nou pral plenn lè malè va tonbe sou nou! Nou pral plenn tankou fanm ki gen tranche.

Lamentations 1:2Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l' san rete. Nan tout moun ki te renmen l' yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l'. Tout zanmi l' yo trayi l', yo tout fè l' lènmi koulye a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 4:30

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 4:29Jeremiah 4Jeremiah 4:31 →