Jeremiah 40:5
Lè Neboucharadan wè Jeremi pa reponn, li di l' ankò: -Tounen al jwenn Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, lavil Mispa. Se li menm wa Babilòn lan mete pou gouvènen tout lavil nan peyi Jida yo. W'a rete avè l' nan mitan pèp la. Ou gen dwa tou ale kote ou vle nan peyi a. Lèfini, li bay Jeremi yon kado ansanm ak kèk pwovizyon pou l' manje, epi li voye l' ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 22:12Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:
2 Kings 25:22Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pran Gedalya, pitit Achikam, pitit pitit Chafan, li mete l' chèf sou rès moun li te kite nan peyi a.
Ezra 7:6Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm.
Nehemiah 1:11Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.
Job 22:29Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.
Proverbs 21:1Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.