Job 22:29
Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.
30L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.
Cross References
Job 5:19Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou.
Psalms 91:14Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.
Psalms 138:6Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.
Isaiah 57:15Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.
Ezekiel 21:26Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale. Wete kouwòn lan ak gwo bèl mouchwa madras la nan tèt ou. Tout bagay pral chanje. Sa ki anba yo pral moute chèf, sa ki te chèf yo pral tonbe.
Luke 1:52Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.